AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Federasyon an nonmen yon nouvo estaf pou dirije seleksyon U20 an

imaj atik la Kredi Foto: @FHF

08 fevriye 2026   Benswilkenson Jean   922

Federasyon Ayisyèn Foutbòl la nonmen yo nouvo estaf ki gen nan tèt li yon kiben, pou dirije seleksyon nasyonal U20 maskilen an. Nouvo estaf sa pral gen nan tèt li Raúl Valentín González Triana, yon kiben ki gen 58 lane. González antrene plizyè kategori seleksyon kibèn lan deja sòti nan kategori U20 jiska premye seleksyon an.


Nan pakou l González antrene gran seleksyon peyi Kiba a 3 fwa deja. Dènye eksperyans li nan tèt gran seleksyon an pa t bon ditou nan lane 2015-2016. Nan 9 match li te dirije ekip la li te fè 6 defèt 2 match nil ak yon viktwa.

Nan tèt seleksyon U20 an, Gonzalez pral gen pou mennen bato jèn Grenadye yo sou sèn Mondyal la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou