AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Léa Jacques, jwez sa ki pran kè pèp ayisyen an!

imaj atik la Kredi Foto: @Federasyon Ayisyèn Foutbòl (FHF)

31 Janvye 2026   Jacky Chéry   1685

Jèn defansè CF Montréal la se prensipal atraksyon piblik ayisyen an nan eliminatwa CONCACAF pou mondyal U-17 fanm 2026 lan gras ak vivasite l ki pèmèt li kouri sou tout bò dwat seleksyon ayisyèn lan nan konpetisyon an.


Difisil pou w pale de seleksyon nasyonal ayisyèn U-17 fanm nan, ki nan peyi Kiraso, san w pa fè referans ak Léa Jacques. Defansè 16 lane an ki grandi Kebèk, nan peyi Kanada, pa sispann fè kè piblik ayisyen an kontan avèk pèfòmans li sou 2 premye match Grenadye an.

Gras ak paran l ki ayisyen, Léa Jacques gen opòtinite reprezante Ayiti nan eliminatwa sa k ap fèt la kote l deja enpoze l kòm yon eleman kle ekip Frenoy Baptiste lan. Fas Antigua epi Sentlisi, Grenadye an jwe yon gwo wòl nan 2 viktwa sa yo avèk patisipasyon l nan ede ekip lan defann epi ofri Grenadye yo yon siperyorite nan atak yo.

Jwez CF Montréal la pa sèlman pèfòman sou tèren, se yon timoun ki montre yon bon sans lidèchip ak lespri ekip nan fason l toujou la pou ede koyekipye l yo pandan preparasyon yo. Nan divès videyo antrènman FHF pataje yo, Léa Jacques toujou rete jwez ki kapte atansyon pratikman tout moun k ap swiv yo.

N ap note, seleksyon nasyonal ayisyèn lan twouve l nan gwoup C eliminatwa CONCACAF yo ansanm avèk Antigwa, Sentlisi epi Zile Kayiman. Grenadye yo nan yon batay pou pran premye plas lan k ap ba yo dwa al jwe dènye faz lan k ap bay 4 ekip kalifye pou Mondyal U-17 fanm 2026 lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou