AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Misyon Malou Quignette nan tèt seleksyon fanm lan rive nan bout li

imaj atik la

4 Fevriye 2026   Jacky Chéry   1378

Aprè yon lane plis 4 mwa nan tèt seleksyon nasyonal ayisyèn fanm lan, Malou Quignette ak Federasyon ayisyèn foutbòl deside mete fen nan kolaborasyon sa ki genyen de moman miwo miba.


Sou rezo sosyal yo, antrenè fransè 29 lane an anonse separasyon sa ki pou li menm rete pi gwo ak pi bèl eksperyans nan karyè pwofesyonèl li. Malou Quignette remèsye piblik ayisyen an ki pa t sispann akonpanye l pandan eksperyans sa.

Aprè yon dizèn match pandan peryòd sa, Malou Quignette ak Federasyon ayisyèn foutbòl deside kanpe sou kolaborasyon sa, sitou aprè seri move rezilta pandan lane 2025 lane kote medam Grenadye yo te pratikman tonbe nan tout gwo randevou yo.

Seleksyon nasyonal ayisyèn lan avèk Malou Quignette te pran tikè ale retou nan men Kanada, epi te tonbe fas Mawòk epi Chili nan match Zanmitay. Anvan sa, Grenadye yo te tonbe fas Larisi nan fen lane 2024 lan lè kolaborasyon sa te fenk kòmanse an.

Annatandan FHF lan anonse pwochen antrenè Grenadye yo, Malou Quignette pral kapab kontinye karyè foutbòl li lwen seleksyon nasyonal ayisyèn fanm nan. Antrenè fransè an te deja jwe wòl adjwen nan estaf Frédéric Gonçalves t ap dirije an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou