AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Seleksyon nasyonal U17 fè dezyèm viktwa l nan eliminatwa mondyal 2026 la

imaj atik la Kredi Foto: @FHF

07 fevriye 2026   Benswilkenson Jean   752

Jèn seleksyon nasyonal U17 an genyen Antigwa 4-0 aswè samdi 7 fevriye a nan kad dezyèm match eliminatwa Mondyal 2026 la.


Jèn grenadye yo ki nan batay pou chache biyè kalifikasyon yo pou Mondyal Kata 2026 la, genyen dezyèm match yo nan pakou a. Aprè viktwa yo 5-1 kont Grenad, jèn seleksyon maskilen an kraze Antigwa 4-0.

Match sila a te jwe nan Estadio Cementos Progreso a nan peyi Gwatemala. Sou lòd antrenè Kowski Sainvil. Premye mitan match la te fini 2-0 nan avantaj jèn grenadye yo. Se Casillas Julien ki te louvri eskò a epi yon jwè advès make kont kan l (Cody Richardson).

Nan dezyèm mitan an, jèn Grenadye yo ta pral kwense ekip Antigwa ak Babouda a ak 2 lòt gòl ankò. Macenat Prophète ak Danrick Dalcé se 2 lòt bitè yo.

Ayiti kounya gen 6 pwen nan gwoup la, pwochen match yo se kont Gwatemala.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou