Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Seleksyon nasyonal U-17 feminen an fè yon lòt bon sòti nan eliminatwa CONCACAF pou mondyal 2026 lan avèk yon viktwa 3-0 kont Zile Kayiman. Grenadye yo repran premye plas lan nan gwoup C an devan Gwatemala.
Gras ak Keisha Gué ki te jwenn ouvèti eskò an epi Léa Jacques ki te mete match lan 2-0, Ayiti te byen metrize premye mitan match lan. Daphney Louis ki te sòti ta pral plante dènye grenn klou an nan fen match lan pou medam Grenadye yo.
Malgre absans Nia Étienne ki blese nan antrènman, Grenadye yo te kapab konte sou Krystel Chatelain ki te titilè sou bò goch atak lan. Léa Jacques te jwe nan yon pozisyon pi avanse sou bò dwat la, bò kote Kyrah Lormil ki te okipe aks atak lan.
Avèk viktwa sa, seleksyon ayisyèn lan pase ak 9 pwen, devan Gwatemala ki dezyèm avèk 7 pwen. Grenadye yo pral gen pou jwe yon match desizif lendi k ap vini la kont medam gwatemaltèk yo nan yon batay pou premye plas lan k ap bay dwa pou jwe dènye faz eliminatwa yo.
N ap raple, nan konpetisyon sa seleksyon nasyonal ayisyèn lan te genyen premye match li an 6-1 kont Antigwa, avan l ta pral enpoze l fas Sentlisi 5-0. Jwez Frenoy Baptiste yo genyen kòm objektif kalifye Ayiti pou premye fwa nan yon Koup dimond U-17 feminen.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou