Malgre prezans 7 ekip ki sòti nan Karayib la nan Gold Cup 2025 lan, okenn pa rive pran tikè pou dezyèm tou a. Sèl viktwa rejyon an, se te Jamayik ki te bat Gwadloup. Tout lòt yo te fini san okenn siksè.
Gold Cup 2025 la ap fini ak anpil fristrasyon pou zòn Karayib la. 7 ekip te reprezante rejyon an nan pi gwo konpetisyon foutbòl CONCACAF la, men oken pa rive franchi faz gwoup la. Rezilta yo mete aksan sou feblès estriktirèl ak defi taktik ekip sa yo ap fè fas sou plan entènasyonal la.
Men kijan ekip yo te distribye nan gwoup yo :
Gwoup A : Surinam ak Repiblik Dominikèn
Gwoup B : Kiraso
Gwoup C : Jamayik ak Gwadloup
Gwoup D : Ayiti ak Trinidad & Tobago
Nan mitan tout sa yo, sèl Jamayik ki te rive ranpòte yon viktwa, e se te kont Gwadloup, yon lòt ekip Karayib (2-1). Sa vle di, sèl 3 pwen zòn nan ranmase se te nan yon konfwontasyon frè kont frè. Tout lòt match yo se swa defèt oswa match nil, men pa gen okenn lòt ekip ki te kapab genyen fas ak gwo kalib CONCACAF yo. Poutan nan edisyon 2023 a nou te jwenn yon ekip ki sòti nan zòn nan rive nan demifinal.
Karayib la gen anpil talan, men patisipasyon li nan Gold Cup 2025 lan montre li toujou gen wout pou l fè si l vle tounen yon fòs reyèl nan zòn nan. Travay sou preparasyon, envestisman nan jèn, ak bon jan planifikasyon ap kle pou chanje figi sa a nan pwochen edisyon yo. Se pa sèlman patisipe, men li lè pou konpetisyon an tounen sou wout Karayib la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou