Premye eksperyans, premye elinimasyon pou Repiblik Dominikèn nan Gold Cup 2025 lan. Seleksyon an pèdi de (2) premye match li yo, yon sitiyasyon ki vle di li gentan pran chemen lakay li.
Pou premye fwa nan istwa li, Repiblik Dominikèn ap patisipe nan yon Gold Cup, pi gwo konpetisyon foutbòl nan zòn CONCACAF la. Malerezman, eksperyans lan pa t dire lontan, paske aprè de (2) jounen, seleksyon an gentan elimine nan konpetisyon an.
Nan premye sòti yo, Dominiken yo te fè yon bon match kont Meksik, men yo pa t ka evite defèt la. Meksiken yo te ranpòte viktwa a (3-2), yon rezilta ki te bay lespwa seleksyon karayib sa te ka mete tèt li kanpe.
Men, lespwa sa te vin koupe nèt nan dezyèm jounen an, ki jwe mèkredi 19 jen an nan AT&T Stadium, kote yo te tonbe ankò, fwa sa a (2-1) kont Kosta Rika. Avèk 0 pwen sou 6 posib, Repiblik Dominikèn vin premye ekip ki elimine nan Gold Cup 2025 la.
Malgre eliminasyon rapid lan, patisipasyon sa se yon etap enpòtan pou devlopman foutbòl dominiken an. Yo fè premye pa yo nan gwo sèn lan, li klè ekip sa gen anpil pou l aprann pou lavni.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou