• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Serie ASeerie BCoppa ItaliaLòt Koze
AKEY ITALI Serie A

Serie A

Yon bon nouvèl pou Paul Pogba ki kapab rekòmanse jwe nan pa lontan



4 oktòb 2024   Jacky Chéry   211

Ansyen entènasyonal fransè a ki te genyen entèdiksyon jwe foutbòl pandan 4 lane akoz yon akizasyon pou dopaj, ta dwe kapab reprann aktivite pandan lane 2025 lan aprè desizyon TAS pran jodi vandredi a ki mete pèn lan a 18 mwa.



Paul Pogba ap genyen otorizasyon rejwe foutbòl apati mas 2025 aprè sanksyon ki te tonbe sou do l depi 2023 akoz li te pozitif aprè yon tès testostewòn nan match sa ki te mete fas pou fas Juventus ak Udinese.



Yon desizyon ki siprann anpil moun kote 4 lane sanksyon an pase pou kounya a 18 mwa. Sa ki pral pèmèt mitan tèren fransè 31 lane an rekòmanse jwe nan kèk mwa ankò, prensipalman nan mwa mas k ap vini la.



N ap note, Paul Pogba se jwè Juventus Turin, e sou kontra jiska 2026. Gran kesyon an, èske l ap tounen sou koulè Bianconeri an nan mwa mas la?

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

Move nouvèl pou Real Madrid
  • 30 sep 2024, 11:49 AM
  • 120

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou