UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA ChampionsLeague

ChampionsLeague

Aprè sèlman 16 minit yon antrenè ranplase yon gadyen nan yon match Champions League pou move pèfòmans

imaj atik la

10 mas 2026   Benswilkenson Jean   335

Jèn gadyen tyèk la Antonin Kinsky pase yon move moman pou premye match li kòm titilè nan Champions League la. Ak sèlman 22 lane, jèn gadyen an konnen yon gwo desepsyon nan karyè l kòm gadyen anba kan ekip Tottenham lan


Premye jounen 8èmdefinal yo demare nan Champions League la ak yon yon gwo sezisman. Antrenè Tottenham lan ranplase gadyen ki te anba kan l lan aprè sèlman 15 minit. Gadyen an fè 2 erè ki koute 2 gòl.

Pou match fas Atletico Madrid la nan 8èmdefinal Champions League la, Igor Tudor ki se antrenè Spurs yo te deside fè jèn gadyen an konfyans pou demare match la fas klèb espanyòl la. Yon rankont ki pa t byen pase pou jèn lan ki ta pral bay plizyè piyay nan match la.

Apèn match la te kòmanse, ekip espanyòl la Atletico Madrid te louvri eskò a aprè sèlman 5 minit sou pye Marcos Llorente. Se depi la kalvè a te kòmanse pou jèn gadyen an. Aprè 14 minit nan match la, jèn tyèk la pral bay Griezman yon piyay. Pye l glise li tonbe epi Griezman ki te nan kare a make sou aksyon an.

Yon minit aprè, jèn gadyen an pral bay Alvarez yon kado nan pla men yon fason pou Alvarez pa fè jalouzi. Pandan Kinsky ap degaje balon an li rate boul la epi li al tonbe nan pye Alvarez, ki san reflechi fè filè a tranble pou yon twazyèm fwa. Sa ki fè nan sèlman 15 minit Atletico te gentan mennen 3-0 sou Tottenham.

Pou evite katastwòf, ansyen antrenè Marseille la ranplase jèn gadyen an nan match la. Li mete Vicario nan plas li. Malgre sa, bato Spurs yo koule 5-2 kont ekip espanyòl la. Yon moman ki ap gen pou make tout karyè jwè a, lè nou raple nou ansyen gadyen Liverpool la Karius te pase yon move moman konsa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou