Pou sezon sa nan Champions League la genyen 5 klèb espanyòl ki ap patisipe. 5 klèb sa yo se Real Madrid, FC Barcelone, Real Betis, Villareal, Atletico Madrid. Kòman sa te pase pou yo nan premye jounen Champions League la?
Pou te demare premye jounen an nan Ligue des Champions an, Espay te genyen Real Betis ki te demare kanpay la pou li. Match sa ki te jwe sou tèren ekip Lilles la nan peyi Lafrans te fini nan avantaj seviyan yo (3-2).
Apre sa Villareal se dezyèm klèb espanyòl ki te antre nan batay. Soumaren jòn yo malerezman koule sou tèren klèb alman Borussia Dortmund lan (3-2). Nan match sa te gen 2 otogòl, chak ekip yo te fè youn.
Twazyèm match klèb espanyòl yo se te Real Madrid ki t ap resevwa klèb italyen an Inter Milan. Malgre gwo bouskilad ekip italyen an te bay merengue yo men yo te reyisi louvri eskò a sou yon erè defansif gras ak Mbappé depi nan premye mitan an. Sou yon dezyèm erè ankò gadyen Inter a te fè irigweyen an Valverde te make 2èm gòl madrilèn yo. Match la te fini 2-1 nan avantaj mezon blanch lan.
Katriyèm match espanyòl yo te mete Barcelone fas klèb olandè Feyenoord Rotherdam. Catalan yo maspinen olandè yo 5-1 nan Camp Nou an. Nan match sa atakan Brezilyen an Raphinia make yon double epi Yamal make yon bèl gòl sou koufran. Gabriel Jesus ki apèn rejwenn ekip la te tou profite make premye gòl li pou premye match li ak Catalan yo.
Dènye match la se te Atletico ki te an deplasman lakay Liverpool e ki al pèdi 2-1. Malgre yo te gentan pran kontwòl match la anvan men yo pa t ka sipòte presyon klèb anglè a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou