Kredi Foto: @Golayiti
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan 5 gran chanpyona ewopeyen yo, tout gentan konnen ki ekip ki chanpyon sezon 2025-2026 la. Chanpyon Bundesliga a se li menm ki jwenn plis kòb.
Kantite lajan yon ekip chanpyon nan 5 gran chanpyona yo divize an 2 pati. Gen yon pati ki ap sòti dirèk nan men Lig la epi gen yon lòt pati ki ap sòti nan dwa tele, dwa imaj ak esponsò.
Kantite lajan ki sòti nan men Lig yo pou chak 5 gran chanpyona ewopeyen yo:
-Bundesliga
Pou chanpyona Almay la ki se Bundesliga a, klèb ki chanpyon sezon sa a se Bayern Munich. Lig la ap peye l 110 milyon ewo pou pozisyon l san pakou ewopeyen yo pa ladan l.
-SerieA
Kanta pou chanpyona Itali a, Inter Milan se ekip chanpyon an. Twofe sila ap rapòte l 64 milyon ewo dirèk kòm prim.
-Premier League
Pou chanpyona anglè a, aprè 22 lane Arsenal reyisi genyen twofe sa a. Yon twofe ki pral pèmèt Arsenal antre 60 milyon ewo kòm prim. San esponsò ak dwa tele pa ladan l.
-Liga
Pou chanpyona espanyòl la ki se Liga a, FC Barcelone se ekip ki te ranpòte twofe a ane sa a pou yon dezyèm sezon youn kole ak lòt. Tit chanpyon sa a pral rapòte 54,9 milyon ewo ak klèb Blaugrana a. San esponsò ak dwa tele pa ladan l.
-Ligue 1
Pou Ligue 1 ki se champyona fransè a, Paris Saint Germain se ekip chanpyon an pou yon twazyèm fwa youn kole ak lòt. Twofe sa a pral pote anviwon 52 milyon ewo ak klèb kapital la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou