Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
UEFA k ap jere foutbòl sou kontinan ewòp la bay klèb Benfica Lisbonne lan sanksyon pou ensidan ki te pase nan match baraj ale Ligue des Champions kont Real Madrid la.
Klèb pòtigè a pran gwo sanksyon akoz gwo eskonbrit ki te pete nan match yo te ap jwe kont klèb madrilèn lan nan faz baraj Champions League la. Nan match sa a aprè atakan brezilyen an Vinicius Jr te fin make yon gòl epi te selebre nan poto kònè a ak yon ti dans, reyaksyon sa a te leve plim sou do divès jwè klèb pòtigè a pami yo ajanten an Prestianni.
Atakan Real Madrid la te fè konnen jwè ajanten an te di l yon seri pawòl rasis pandan jwè a te bouche bouch li ak mayo l. Aprè anviwon yon mwa enstans direksyon UEFA a deside lage sanksyon yo.
UEFA sanksyone Benfica pou li peye 40 000 ewo amand pou rasis ak diskriminasyon, 25 000 ewo paske fanatik li yo te voye bagay sou tèren an, 8 000 paske fanatik li yo te itilize limyè lazè, epi yo sispann antrenè adjwen li an Pedro Machado pou yon match.
Malgre tout sanksyon sa yo, jwè ajanten an Prestianni ki se prensipal moun ki te lakoz eskonbrit la, poko jwenn sanksyon.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou