UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA ChampionsLeague

ChampionsLeague

Yon klèb ki fonde nan lane 2017 pral jwe Ligue des Champions ane sa

imaj atik la

26 dawou 2026   Benswilkenson Jean   983

Yon gwo sezisman nan mond foutbòl la. Klèb Sabah Baku ki fonde nan lane 2017 pral jwe Champions League ane sa.


Sabah Futbol Klubu ki se tout non klèb Sabah Baku a kreye nan dat 8 septanm 2017 nan peyi Azèbadjan. Klèb sa ki pa sispann grandi te monte nan premye divizyon chanpyona Azèbadjan an nan sezon 2018-2019 la.

Pou premye sezon l nan chanpyona a li te fini 5èm nan dezyèm divizyon an epi li te gen chans monte nan premye divizyon. Rezon ki koz li monte nan premye divizyon malgre li te klase 5èm nan dezyèm divizyon an se paske ekip ki te nan pi wo nivo pase l yo pa t elijib pou monte nan premye divizyon. Lig la te oblije pran yo nan plas lòt yo.

Pou premye sezon yo nan premye divizyon an yo te fini 7èm sou 8 ekip yo, bon chans pou yo yo te rive kenbe plas yo pou sezon pwochen an nan elit foutbòl Azèbadjan an. Nan lane 2026, yo ranpòte chanpyona Azèbadjan an ki se premye tit chanpyon yo nan elit foutbòl peyi a. Yo genyen koup Azèbadjan an 2 fwa deja (2025 ak 2026).

Depi lane 2023 yo ap patisipe nan eliminasyon konpetisyon ewopeyèn yo tankou Conference League ak Europa League. Yo pa t janm gen chans kalifye. Pou lane 2026 la aprè yo fin chanpyon chanpyona lakay yo, yo te kalifye pou patisipe nan eliminatwa Champions League la.

Aprè yon viktwa 6-4 nan ansanm match yo (ale-retou) fas klèb Izrayèl la Hapoël Beer-Sheva, yo kalifye ofisyèlman pou patisipe sezon sa nan Champions League la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou