UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA EuropaLeague

EuropaLeague

Tiraj League Europa la bannou yon fas a fas ant 2 ayisyen

imaj atik la

28 dawout 2026   Steve Pierre   1271

Tirajosò faz lig League Europa 2026-2027 la, ki te fèt jodi vandredi a, ban nou yon afich ki pral atire anpil atansyon tout ayisyen. Wilson Isidor ak Sunderland AFC pral fè fas ak Dany Jean ak SCU Torreense nan youn nan match faz lig la.


Sunderland pral gen uit (8) rankont pou l jwe nan premye faz konpetisyon an. Sou teren pa li, klèb anglè a ap resevwa AZ Alkmaar (Peyiba), Dinamo Zagreb (Kowasi), Jagiellonia Białystok (Polòy) ak Levski Sofia (Bilgari). Deyò, li pral deplase pou l rankontre AC Milan (Itali), Lech Poznań (Polòy), Anderlecht (Bèljik) ak Torreense (Pòtigal).

Pou fanatik foutbòl ayisyen yo, se sitou rankont ant Sunderland ak Torreense ki plis enterese yo. Match sa a pral mete fas pou fas de (2) jwè ayisyen k ap evolye nan de (2) chanpyona diferan an Ewòp.

Wilson Isidor, ki se youn nan eleman enpòtan nan liy atak Sunderland lan, pral jwenn sou wout li Dany Jean, jèn Grenadye ki ap defann koulè Torreense. Klèb pòtigè a rive nan Ligue Europa aprè li te reyalize yon gwo eksplwa lè li te ranpòte Koup Pòtigal la.

Afich sa a reprezante yon bèl moman pou foutbòl ayisyen an, paske li pral pèmèt de (2) jwè ayisyen montre talan yo sou sèn Ewopeyen an. Se tou youn nan kèk fwa de Grenadye ap gen pou mezire fòs yo youn ak lòt nan yon konpetisyon Ewopeyen yo.

Pandan sezon an ap pwoche, fanatik ayisyen yo deja gen yon rezon espesyal pou swiv League Europa a, ak yon rankont ki pwomèt emosyon ant Wilson Isidor ak Dany Jean.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou