Philadelphia Union kontinye sou yon bèl seri nan Major League Soccer (MLS). Samdi 10 oktòb 2026 la, entènasyonal ayisyen Danley Jean Jacques ak ekip li bat Real Salt Lake nan kad 29èm jounen chanpyona a pou l anrejistre yon 7èm viktwa youn aprè lòt.
Danley Jean Jacques te titilè nan rankont sa kote Philadelphia Union te rive pran twa pwen yo sou lakay li nan Subaru Park. Mitan teren ayisyen an te resevwa yon katon jòn depi nan 2èm minit match la, antrenè a te ranplase l nan tan adisyonèl.
Bruno Damiani te louvri eskò a pou Philadelphia nan 31èm minit, anvan Milan Iloski te double avantaj ekip la nan 82èm minit. Real Salt Lake te rive redui diferans lan nan 90+6 minit gras ak Saba Lobjanidze, men sa pa t anpeche Philadelphia Union konsève èsko a pou fè viktwa.
Yon nouvo siksè ki pèmèt Philadelphia Union rive sou 7 viktwa youn dèyè lòt, pandan seri match li san li pa pèdi monte a 13 rankont nan MLS la. Yon dinamik pozitif ki montre bon fòm ekip la anba direksyon antrenè pwovizwa Ryan Richter.
Danley Jean Jacques kontinye ap jwe yon wòl enpòtan nan mitan tèren ekip la, viktwa sa pèmèt Philadelphia kontinye avanse ak konfyans nan dènye pati sezon regilye a, pou moman yo ekip la nan 6èm plas klasman ès la ak 41 pwen.
Philadelphia Union ap retounen sou teren mèkredi 14 oktòb la, kote li pral deplase pou fè fas ak Chicago Fire FC nan pwochen jounen chanpyona a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou