AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Ayiti sou wout pou l jwenn yon nouvo estad? Men sa gouvènman an ap prepare nan Okay

imaj atik la

11 oktòb 2026   Gamarck Antoine   4078

Daprè yon kominike ki soti nan Ministè Jenès Espò ak Aksyon Sivik peyi a, ministè a ap etidye posibilite pou konstwi yon estad modèn nan espas Pak Larco, ki nan vil Okay, sa ki t ap yon pa enpòtan pou seleksyon nasyonal Ayiti yo, ki depi yon bon bout tan pa janm jwe sou tèritwa nasyonal la.


Samdi 10 oktòb 2026 la, minis Jenès Espò ak Aksyon Sivik la, Pythagore Dumas, akonpaye ak direktè jeneral ministè a, Wilfince Mombrun, te fè yon dezyèm vizit enspeksyon nan Pak Larco pou evalye posiblite pou reyalize pwojè sa.

Daprè yon kominike MJSAC pibliye, objektif demach la se egzamine posibilite pou konstwi yon estad ki respekte nòm FIFA yo. Yon enfrastrikti konsa ta reprezante yon avantaj pou foutbòl ayisyen an, sitou nan yon kontèks kote seleksyon nasyonal yo bezwen kondisyon apwopriye pou resevwa match lakay yo.

Pandan vizit la, minis Pythagore Dumas fè konnen Premye minis Alix Didier Fils-Aimé enplike nan jefò pou rezoud konfli tè ki anpeche Pak Larco fonksyone nòmalman depi plis pase 10 lane.

Minis la anonse tou, nan yon peryòd ki pa twò lwen, ekspè nan enfrastrikti espòtif ministè a pral reyalize yon etid teknik pou detèmine si pwojè a posib. Selon kominike a, li pa sèlman kesyon pou renove ansyen pak la, paske konstriksyon yon nouvo estad modèn se youn nan opsyon otorite yo ap konsidere.

Bò kote pa l, direktè depatmantal MJSAC nan Sid la, Berthin Bazelais, eksprime satisfaksyon li devan posiblite pou Okay ta genyen yon estad foutbòl. Li fè konnen relouvri Pak Larco se youn nan pi gwo rèv li depi lè li te pran direksyon depatmantal la.

Pou tizè foutbòl nan Sid yo, yon pwojè konsa ta kapab reprezante yon opòtinite pou devlopman espò a nan rejyon an, pandan li ta ka kontribye tou nan amelyorasyon enfrastrikti espòtif peyi a.

MJSAC raple li deja angaje l nan yon pwogram reyabilitasyon 6 pak espòtif atravè peyi a. Pou pwojè Okay la, gen plizyè etap ki rete pou franchi, sitou etid teknik la ak rezolisyon konfli tè ki antoure Pak Larco a.

Konstriksyon estad la poko konfime. Rezilta etid ekspè yo pral ede detèmine si pwojè sa a kapab tounen yon reyalite.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )