Ligue Haïtienne Football atravè yon kominike anonse dat ofisyèl ouvèti chanpyona nasyonal la pou sezon 2026-2027 la.
Chanpyona nasyonal la pral sou dezyèm lane l depi lè yon lig endepandan anba kontwòl federasyon ayisyèn foutbòl la ap jere l. Sezon pase a gran chanpyon an se te Violette AC e vis chanpyon an se te Baltimore SC yon klèb ki twouve l Senmak.
Pou sezon sa Ligue Haïtienne lan anonse 8 novanm 2026 se dat ki ofisyèlman kenbe pou ouvèti dezyèm edisyon chanpyona nasyonal la ki pote non D1 Paryaj Lakay. Pou sezon sa gen 12 klèb ki ap patisipe nan kous la pou konnen kiyès k ap pran twofe a nan fen sezon an.
Klèb ki ap patisipe yo se:
- Violette Athletic Club (VAC)
- Football Inter Club Association (FICA)
- Tempête FC
- Racing Football Club (RFC)
- America des Cayes
- FC Juventus
- Don Bosco FC de Pétion-Ville (DBPV)
- Racing Club Haïtien (RCH)
- Ouanaminthe FC (OFC)
- Association Sportive Capoise (ASC)
- Real Hope FA
- Cavaly AS
Malerezman sezon sa ap gen selman 12 klèb pandan sezon pase a te gen 14. Baltimore SC ak ekip Cosmopolite SC a se 2 klèb ki p ap prezan sezon sa nan chanpyona Ligue Haïtienne lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou