Pou nouvo sezon sa ki ap make dezyèm edisyon chanpyona nasyonal la anba direktiv Ligue Haïtienne Football la, America FC pral rantre ak yon nouvo estaf teknik.
Pou sezon sa Lwidgy Jean Marc se nouvo antrenè ki pran tèt kòlòs yo pou mennen yo tante pran twofe chanpyona nasyonal la sezon sa. Nan pòs sa a li ranplase yon moun tankou Junior François ki te dirije ekip la nan premye edisyon an.
Pou akonpanye l, direksyon klèb la nonmen Charles Pierre Ronald tout moun konnen sou non Ketno ak Jaboin Wivel tout moun konnen sou non Mattias kòm antrenè adjwen.
Se estaf sa a ki pral ede ekip America FC a kòmanse pwojè America 2030 lan kote klèb la pral pran yon nouvo estati nan foutbòl ayisyen an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou