AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon Grenadye make premye gòl li pou sezon an nan peyi Angletè

imaj atik la

14 oktòb 2026   Benswilkenson Jean   1121

Mitan tèren seleksyon nasyonal la Jean Ricner Bellegarde make premye gòl li pou sezon sa nan peyi Angletè ak klèb li.


Grenadye a te gen randevou pou resevwa ekip Bolton lan nan kad 10èm jounen Championship la. Malerezman Wolverhampton tonbe 3-1 men Jean Ricner Bellegarde te fè diferans lan nan match la.

Grenadye a te make sèl grenn gòl Wolves yo nan match sa a nan 50èm minit. Grenn gòl sa a vini premye gòl Bellegarde ak klèb la pou sezon sa. Jean Ricner te jwe tout match la, li te fè yon nòt 7.6 pou match sa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )