AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Cosmopolites SC soumèt dosye li, men li pa jwenn lisans D1 an: kisa k pase?

imaj atik la

13 oktòb 2026   Gamarck Antoine   419

Malgre demann lisans li pou sezon 2026-2027 la rejte, Cosmopolites SC poko resevwa, daprè sa administrasyon an fè konnen, yon kominikasyon ofisyèl ki esplike rezon desizyon an. Sitiyasyon sa vini nan yon moman kote Ligue Haïtienne Football la deja anonse lis ekip ki pral patisipe nan pwochen sezon an.


Nan yon kominike ki pibliye nan dat 12 oktòb 2026 la, administrasyon Cosmopolites SC pran lapawòl pou pote klarifikasyon sou dosye lisans klèb la, aprè enfòmasyon ki te sikile sou rejè demann li an.

Klèb la fè konnen li te soumèt dokiman ki nesesè yo bay Federasyon Ayisyèn Foutbòl la (FHF) nan dat yo te mande a, men li poko resevwa okenn notifikasyon ofisyèl ki esplike rezon ki te mennen rejè dosye a. Administrasyon an presize li rete disponib pou bay nenpòt lòt dokiman oswa enfòmasyon otorite foutbòl yo ta mande.

Pou kore deklarasyon li yo, Cosmopolites SC pibliye yon konfimasyon elektwonik ki montre li te soumèt fòmilè lisans klèb D1 pou sezon 2026-2027 la nan dat 16 dawout 2026. Foto dokiman sa konfime fòmilè a soumèt, men li pa bay detay sou rezon ki fè demann lan te rejte.

LHF la deja anonse ekip ki pral patisipe nan chanpyona D1 paryaj lakay la pou sezon 2026-2027 la. Nan kontèks sa, sitiyasyon Cosmopolites SC a soulve kesyon sou avni klèb la nan konpetisyon an, sitou paske administrasyon an di li poko jwenn eksplikasyon ofisyèl sou dosye li a.

Malgre sa klèb la anonse li kontinye travay sou pwojè devlopman li yo. Ekip gason U16 la deja kòmanse antrene, pandan administrasyon an anonse l ap mete yon ekip fanm sou pye nan yon ti tan.

Sou plan espòtif, Cosmopolites SC prevwa jwe match amikal ale ak retou kont Aigle Noir AC pou evalye nivo preparasyon jwè yo epi amelyore pèfòmans kolektif la anvan pwochen konpetisyon yo.

Klèb la pwofite okazyon an pou mande jwè, sipòtè ak patnè li yo rete kè poze epi kontinye fè administrasyon an konfyans. Li reyafime angajman li pou konstwi yon estrikti ki pi solid, pi konpetitif epi ki pi byen òganize.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )