Kredi Foto: @Tempête FC
Pami 12 ekip ki pral patisipe nan chanpyona nasyonal la Bèl kolòn yo kòmanse prepare yo pou konpetisyon an.
Sou direksyon ansyen entènasyonal ayisyen an Charles Herold Jr, klèb Tempête FC a kòmanse preparasyon l pou nouvo sezon sa a nan chanpyona nasyonal la. Tempête FC ki te kòmanse prepare l depi 3 dawout 2026 la ap rapouswiv seyans preparasyon sa yo.
Bèl Kolòn yo ap prepare yo kou mèt jan jak pou al pran 6èm twofe chanpyona nasyonal yo sezon sa a.
Daprè Ligue Haïtienne Football sezon an ap demare 8 novanm k ap vini la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou