Nan peyi Angletè gen 2 grenadye k ap woule balon. Youn nan yo pa fè viktwa ni make gòl ak klèb yo pandan wikenn sa.
Jean Ricner Bellegarde ak Wilson Isidor se 2 Grenadye nou genyen nan peyi Angletè. Yo chak nan yon klèb diferan ak yon nivo chanpyona diferan.
Mitan tèren ayisyen an Bellegarde nan Wolverhampton nan dezyèm divizyon an pandan Wilson Isidor bò kote pa l nan premye divizyon an nan klèb Sunderland lan. Wolverhampton ak Bellegarde te an deplasman lakay Middlesbrough nan kad 9èm jounen Championship la. Malerezman yo tonbe 1-0, Grenadye a ki te monte nan 61èm minit nan match la te pran yon katon jòn 5 minit aprè.
Kanta pou Wilson Isidor, bò kote pa l li t ap resevwa ekip Brighton lan ki malerezman bat yo 2-0. Atakan grenadye 26 lane a ki te titilè nan match la te jwenn poto men malerezman pa t rive make gòl pou anpeche bato Black Cats yo koule.
Tou de Grenadye nou yo nan peyi Angletè konnen yon defèt wikenn sa.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou