Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Federasyon Ayisyèn foutbòl (FHF) adopte nouvo estati li an dimanch 31 me 2026 pandan yon kongrè ekstrawòdinè ki te reyini reprezantan klèb ak lig ki afilye ak enstitisyon an.
Daprè yon kominike FHF pibliye aprè reyinyon an, ven delege ki t ap reprezante klèb gason ak fanm ansanm ak lig yo te vote nan menm sans lan anfavè dokiman an. Federasyon an fè konnen nouvo estati an se rezilta yon pwosesis ki te dire plizyè lane e ki te enplike konsiltasyon ak diferan aktè ki evolye nan foutbòl ayisyen an.
Kongrè a te dewoule an prezans manm Komite Nòmalizasyon an, ki ap dirije FHF la depi entèvansyon FIFA nan dosye federasyon an. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, Yvon Sévère ak Gally Amazan te pami responsab ki te pran pati nan reyinyon an. Reprezantan FIFA yo te patisipe tou nan aktivite an avèk Salomé Tally ki te konekte a distans epi Belval Juventino ki te prezan sou plas.
Adopsyon nouvo estati an te youn nan prensipal objektif ki te fikse pou Komite Nòmalizasyon an nan kad manda li. FIFA te deja souliye nesesite pou mete ajou tèks ki regle fonksyònman federasyon an pou yo ka pi byen reponn ak egzijans aktyèl yo sou kesyon gouvènans ak administrasyon espòtif.
Menm si FHF pa bay detay sou tout chanjman ki genyen nan nouvo dokiman an, adopsyon estati an reprezante yon etap enpòtan nan pwosesis refòm enstitisyonèl federasyon an. Dokiman sa a pral sèvi kòm referans legal pou òganizasyon ak fonksyònman enstitisyon an nan lane k ap vini yo.
Kongrè ekstrawòdinè sa fèt nan yon moman kote foutbòl ayisyen an ap kontinye chèche ranfòse estrikti administratif li yo pandan l ap prepare pwochen etap nan pwosesis nòmalizasyon an ak retou nan yon gouvènans eli.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou