AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Mondyal 2026 : Yon premye Grenadye ateri nan lakou Miyami

imaj atik la Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)

25 Me 2026   Jacky Chéry   901

Seleksyon nasyonal ayisyèn lan tanmen depi ayè dimanch 24 me 2026 lan rasanbleman pou preparasyon Mondyal 2026 lan. Jodi lendi an, Ruben Providence deja debake nan lakou Miyami, ki se kan preparasyon ekip nasyonal lan pou 2 pwochen match amikal yo.


Sou rezo sosyal yo, Federasyon ayisyèn foutbòl ofisyalize atakan Almere City an ki rive e ki debake anpenpan pou rantre nan konsantrasyon avèk ekip nasyonal la. Jwè 24 lane an pami premye ki rive yo, annatandan tout ekip lan konplè nan pa twò lontan.

Ruben Providence se youn nan 26 jwè Sébastien Migné konvoke pou reprezante Ayiti pandan Mondyal 2026 lan. Atakan Almere City an te jwe yon wòl enpòtan nan dènye faz eliminatwa Mondyal la kote l te menm fè yon gòl desizif fas Nikaragwa nan dènye match lan.

N ap raple, nan dat 2 ak 5 jen k ap vini la, Grenadye yo ap gen pou jwe 2 match zanmitay kont Nouvèl Zelann ak Pewou, avan yo rantre nan Koup Dimond lan nan dat 13 jen kont Ekòs. Pou fè fas ak sa, Federasyon ayisyèn foutbòl la deja mobilize gwo mwayen pou mete ekip nasyonal la nan nivo echeyans lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou