AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

LHF fè yon rale mennen vini sou dènye edisyon chanpyona nasyonal la epi lanse pwochen sezon an

imaj atik la

30 me 2026   Steve Pierre   89

Aprè plizyè diskisyon sou avni foutbòl nasyonal la, klèb yo ak fanatik yo finalman konnen ki lè pwochen sezon chanpyona nasyonal premye divizyon an ap demare. Daprè sa Lig Ayisyèn Foutbòl la (LHF) anonse, sezon 2026-2027 la ap kòmanse an septanm 2026 epi li pral rive nan bout li nan me 2027.


Anons sa a fèt aprè yon reyinyon travay LHF te òganize ak klèb premye divizyon yo samdi 23 me pase a. Reyinyon an te rasanble reprezantan douz klèb ki te patisipe nan dènye chanpyona a, ansanm ak lòt aktè enpòtan nan foutbòl ayisyen an.

Youn nan gwo rezilta rankont sa a se lefèt ke kalandriye pwochen sezon an deja fikse. Pou anpil obsèvatè, sa reprezante yon siy estabilite ak planifikasyon nan yon moman kote foutbòl ayisyen an ap chèche ranfòse estrikti li yo.

Pandan reyinyon an, plizyè sijè te sou tab la. Responsab Komisyon Nasyonal Abit yo (CONA) te prezante yon bilan teknik sou sezon ki sot pase a. Ekip yo, bò pa yo, te ensiste sou nesesite pou plis fòmasyon pou dirijan, jwè ak lòt aktè yo, yon fason pou amelyore konpreyansyon règ jwèt la ak fonksyònman abitraj la.

Kesyon amelyorasyon nivo abit yo te okipe yon plas enpòtan nan diskisyon yo. Patisipan yo te dakò sou enpòtans pou kontinye mete anplas pwogram fòmasyon ak evalyasyon pou ogmante kredibilite konpetisyon nasyonal yo.

Yon lòt nouvèl ki te atire atansyon se volonte Arcahaie FC ak Triomphe AC pou retounen nan konpetisyon nasyonal yo nan pwochen sezon an. Entansyon sa a te resevwa yon bon akèy nan mitan reprezantan klèb yo ak responsab lig la.

Sou plan finansye, responsab finans LHF yo te prezante yon rapò sou depans ki te fèt pandan òganizasyon chanpyona a, nan yon demach transparans ak bon jan jesyon.

Pou patnè ofisyèl chanpyona a, Paryaj Lakay, pwogrè ki fèt pandan sezon ki sot pase a montre gen yon baz pou kontinye travay sou devlopman foutbòl ayisyen an.

Konsa, pandan preparasyon yo deja ap pran fòm nan plizyè klèb, yon bagay klè kounye a: sezon 2026-2027 D1 an ap louvri pòt li 12 septanm 2026 epi li ap fèmen 27 me 2027. Yon dat fanatik yo, dirijan yo ak jwè yo kapab deja make sou kalandriye yo pandan y ap tann retou konpetisyon an sou teren yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou