AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Jonel Désiré reyaji sou absans li nan lis seleksyon an pou Koup Dimond 2026 la

imaj atik la Kredi Foto: @Jonel Désiré

31 Me 2026   Jacky Chéry   753

Atakan ayisyen Jonel Désiré reyaji piblikman aprè li pa t jwenn plas li nan lis seleksyon ayisyèn lan pou Koup Dimond 2026 la. Nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal yo, jwè a rekonèt desepsyon li pandan li montre respè li pou desizyon estaf teknik la pran an.


Daprè li, reprezante Ayiti nan yon Koup Dimond se yon rèv tout foutbolè genyen. Sepandan, li fè konnen foutbòl la konn fòse moun aksepte kèk desizyon epi kontinye avanse ak detèminasyon.

Malgre absans li nan gwoup jwè ki seleksyone yo, Jonel Désiré fè konnen li pral sipòte seleksyon nasyonal la pandan konpetisyon an. Li voye ankourajman tou bay jwè ki seleksyone yo, pandan li salye sakrifis ak jefò yo fè pou rive nan nivo sa.

Ansyen entènasyonal ayisyen an asire l ap kontinye travay epi pote koulè peyi a ak fyète. Li swete tou pi bon pèfòmans posib pou Grenadye yo nan Koup Dimond 2026 la k ap gen pou demare nan anviwon yon semèn ankò.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou