Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Mondyal la rete sèlman 19 jou pou li ofisyèlman demare. Repiblik demokratik Kongo ka pa patisipe akoz maladi Ebola.
Viris ebola a ap vale tèren nan peyi Kongo a. Òganizasyon Mondyal Sante a (OMS) konfime nan yon reyinyon ki te fèt 20 me a nan vil Jenèv viris la ki gen plizyè mwa depi yo detekte l nan peyi a kontinye ap fè plis viktim.
Otorite kongolèz yo te deklare viris la nan dat 15 me pase a. Gentan gen anviwon plis pase 139 moun ki mouri sou anviwon 600 ka yo sispèk.
Yon maladi ki kapab frennen kous seleksyon Kongolèz la ki deja pibliye lis li pou Mondyal la. Otorite ameriken yo deja mete yon obligasyon jiska 21 jou izolman ak delegasyon seleksyon kongolèz la yon fason pou evite maladi a pwopaje.
Daprè ESPN, seleksyon kongolèz dwe chanje pwogram li rapid vit, yon fason pou antre nan peyi Etazini pou yo ka kòmanse konfinman yo a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou