FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Yon move nouvèl pou Ekòs anvan Koup Dimond 2026 la

imaj atik la Kredi Foto: @Lib aksè

31 Me 2026   Jacky Chéry   565

Billy Gilmour, youn nan jwè ki pi enpòtan nan seleksyon ekosèz la, p ap patisipe nan Koup Dimond 2026 la. Mitan teren SSC Napoli a pran yon blesi nan jenou li jodi samdi an pandan match zanmitay Ekòs te genyen 4-1 kont Kiraso.


Federasyon foutbòl Ekòs la konfime pandan jounen an blesi sa a ap anpeche jwè a patisipe nan Mondyal lan e tou anonse Gilmour pral retounen nan klèb li pou kòmanse pwosesis reyabilitasyon l.

Se yon gwo pèt pou Ekòs, ki se premye advèsè seleksyon nasyonal ayisyèn lan pandan Koup Dimond 2026 la. Grenadye yo ap gen pou rantre nan konpetisyon an 13 jen k ap vini la kont seleksyon ekosèz lan ki pou kounya pral kòmanse panse ak yon ranplasan pou Gilmour.

Billy Gilmour se yon jwè ki gen kapasite pou òganize jwèt la epi fè lyen ant defans ak atak la, sa ki fè absans li an kapab gen yon enpak sou ekip la pandan Mondyal la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou