AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Kiyès Wilguens Paugain ye? Dekouvri defansè ayisyen an k ap fè chimen li sou kontinan Ewòp la

imaj atik la

28 me 2026   Steve Pierre   1325

Nan dènye mwa sa yo, anpil moun kòmanse tande non Wilguens Raphaël Polynice Paugain nan lis seleksyon ayisyèn nan. Men anpil sipòtè toujou ap poze kesyon : kiyès Paugain ye vrèman?


Wilguens Paugain se yon foutbolè entènasyonal ayisyen ki fèt 24 dawout 2001 nan komin Tomazo, an Ayiti. Li jwe nan pozisyon aryè dwat (lateral dwat). Pou kounya, li ap jwe nan yon klèb bèlj, ki rele SV Zulte Waregem. Malgre laj li toujou jèn, chimen li deja chaje ak eksperyans epi anpil sakrifis.

Istwa lavi li pa tankou lòt yo. Lè li te timoun, yon fanmi fransè te adopte l, epi li grandi nan vil Épinal nan peyi Lafrans. Menmsi li te kite Ayiti depi byen bonè, rasin ayisyèn li toujou rete vivan anndan l.

Se nan klèb AS Nomexy Vincey li kòmanse fòmasyon li kòm foutbolè. Talan li pèmèt li antre rapidman nan SAS Épinal avan li rive nan sant fòmasyon AS Nancy, youn nan klèb ki rekonèt pou devlopman jèn jwè an Frans. Se la li kontinye grandi kòm defansè.

Apre kèk sezon nan ekip rezèv yo, Paugain deside pran yon lòt direksyon pou karyè li. An 2022, li kite Lafrans pou ale nan peyi Chip, kote li siyen ak Akrítas Chlórakas nan premye divizyon an. Premye sezon pwofesyonèl li an Ewòp pa t fasil, men li rive jwe 21 match nan nivo elit la.

Aprè eksperyans li nan Chip, li pase Letoni nan FK Auda avan li ale an Otrich nan SKN Sankt Pölten. Chak etap sa yo te ede l pran plis matirite nan jwèt li. Defansè a kontinye fè pwogrè gras ak disiplin li ak kapasite fizik li.

An fevriye 2025, li jwenn yon nouvo opòtinite nan peyi Bèljik ak SV Zulte Waregem. Menm si li pa t jwe anpil nan kòmansman an, klèb la montre li gen konfyans nan potansyèl li lè li deside leve opsyon acha a epi fè l siyen jiska 2028.

Sou plan entènasyonal, Wilguens Paugain fè premye pa li ak seleksyon ayisyèn nan 22 mas 2025 kont Azèbaydjan. Depi lè sa a, li antre nan pwojè seleksyonè Sébastien Migné a, ki chwazi l pami jwè ki pral reprezante Ayiti nan Mondyal la. Fòk nou di tou, lateral la nan lane 2018 te jwe de (2) match pou seleksyon U18 peyi Emmanuel Macron an.

Avèk yon wotè 1 mèt 80, vitès li ak kapasite li pou monte ede atak la, Paugain se youn nan pwofil modèn nan pozisyon aryè dwat la. Men plis pase sa, se yon egzanp rezilyans. Yon jèn ki sòti Tomazo, ki grandi lwen peyi li, men ki pa janm bliye koulè ble ak wouj yo.

Pou anpil fanatik ayisyen, Wilguens Paugain rete yon jwè yo poko konnen ase. Men listwa li montre yon bagay klè : dèyè non sa a, gen yon jèn gason ki batay anpil pou rive kote li ye jodi a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou