CONCACAFChampionsCupGoldCupCaribbeanCupLòt
AKÈY CONCACAF Lòt

Lòt

Caribbean Cup 2026 : Violette tonbe nan yon gwoup ki gen plizyè chanpyon nasyonal

imaj atik la

26 me 2026   Steve Pierre   737

Aprè tirajosò Caribbean Cup 2026 la ki fèt jodi madi 26 me a nan vil Miami, Violette AC tonbe nan Gwoup A a ansanm ak klèb ki sòti nan peyi Trinidad, Sirinam ak yon ekip yo poko konnen toujou ki pral soti nan CFU Club Shield la. Gwoup sa a rasanble plizyè ekip ki rive nan konpetisyon an aprè yo fin sakre chanpyon oswa finalis nan chanpyona peyi yo.


Nan Gwoup A a, Violette AC ap gen pou rankontre Defence Force FC, Club Sando FC, SV Broki ansanm ak vis chanpyon CFU Club Shield 2026 la.

Klèb ayisyen an rive kalifye pou Caribbean Cup la kòm "Chanpyon tout Chanpyon” an Ayiti. Violette rive nan konpetisyon an aprè li te ranpòte ni seri ouvèti chanpyona nasyonal la ni seri kloti a, sa ki pèmèt li valide dirèkteman plas li nan pi gwo konpetisyon klèb karayibyen an.

Yon lòt bò, Defence Force FC rive nan Caribbean Cup la kòm chanpyon TT Premier Football League 2025-2026 la, epi Club Sando FC kalifye kòm finalis menm chanpyona a.

SV Broki ki sòti Sirinam valide tikè li aprè li te sakre chanpyon Majò Lig la pou sezon 2025-2026 la. Pandan wikenn nan ki sot pase a, li te bat gwo rival li SV Robinhood nan seyans penalti (4-2), aprè final la te fini (2-2).

Viktwa sa a te pèmèt ekip wouj ak blan an genyen tit nasyonal la epi kalifye pou Caribbean Cup 2026 la, pandan Robinhood pral jwe CFU Club Shield la.

Dènye plas Gwoup A a rezève pou ekip ki gen pou pèdi fiinal CFU Club Shield 2026 la. CFU Club Shield la se yon konpetisyon ki reyini klèb ki sòti nan lòt chanpyona karayibyen yo.

Chak ane, chanpyon ak vis chanpyon konpetisyon sa jwenn dwa monte nan Caribbean Cup la. Se poutèt sa CONCACAF poko mete non ekip sa a nan tiraj la, paske final Shield la poko jwe.

Avèk anpil ekip ki rive nan Caribbean Cup la aprè bon rezilta yo nan chanpyona peyi yo, Gwoup A a deja anonse kòm youn nan gwoup ki pral atire anpil enterè pandan edisyon 2026 la.

Fanatik Violette AC yo ap tann kounye a kòmansman konpetisyon an nan mwa dawout k ap vini la pou wè kijan klèb ayisyen an ap lanse kanpay li sou sèn karayib la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou