AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon nouvo chapit pou Tabita Joseph aprè depa li nan Marseillaises

imaj atik la Kredi Foto: @Les Marseillaises

28 Me 2026   Jacky Chéry   995

Aprè twa sezon nan site Foseyèn lan, defansè entènasyonal ayisyèn lan, Tabita Joseph, kite Marseillaises yo. Klèb lan anonse nouvèl sa nan yon piblikasyon sou rezo sosyal yo jodi jedi 28 me 2026 lan.


Grenadye an ki sòti nan yon sezon difisil nan Arkema Première lan kote l jwe 6 match, avèk sèlman 3 ladan yo kòm titilè, separe avèk Marseillaises yo ki te akeyi l an 2023 epòk yo t ap evolye nan chanpyona dezyèm divizyon an.

Fen avanti sa make yon nouvo etap nan karyè pwofesyonèl jèn defansè ayisyèn 22 lane an ki kanmenm reyisi pran eksperyans nan pi wo nivo foutbòl fransè a.

Avèk Marseillaises yo, Tabita Joseph te chanpyon Seconde Ligue la nan lane 2025 pandan yo t ap monte nan Arkema Première Ligue. Menmi pasaj nan premye divizyon an pa reyisi, defansè ayisyèn lan rete yon jwez ki gen anpil talan e ki kapab rebondi nan yon lòt bon anviwònman.

N ap note, Tabita Joseph ta dwe ansanm avèk seleksyon ayisyèn lan pandan kòmansman mwa jen an nan kan preparasyon pou 2 match zanmitay nan peyi Espay kont Gine Ekwatoryal epi Nouvèl Zelann nan dat 5 ak 8 jen k ap vini la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou