AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Woodensky Pierre nan Koup Dimond: yon ka ki kòmanse bay kè sote

imaj atik la Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)

28 Me 2026   Jacky Chéry   1358

Alòske seleksyon nasyonal ayisyèn lan gentan kòmanse preparasyon li pou Koup Dimond lan nan lakou Etazini, Woodensky Olivier Pierre ki se sèl jwè k ap evolye nan chanpyona nasyonal premye divizyon an toujou poko kapab rejwenn rasanbleman Grenadye yo.


Yon sitiyasyon ki kòmanse bay gwo enkyetid, alòske jou yo ap vanse pou lansman ofisyèl konpetisyon an. Mitan tèren Violette AC an ki se youn nan 26 jwè Sébastien Migné pou konpetisyon an toujou rete bloke an Ayiti akoz difikilte administratif ki anpeche l rantre nan peyi Etazini.

Sa gen kèk tan, Gouvènman ameriken an te pran yon seri mezi radikal kont sitwayen yon seri peyi ki pa gen dwa rantre Etazini, pami yo Ayiti ki genyen yon entèdiksyon vwayaj nivo 4 sou li. Sitiyasyon sa rann Woodensky Pierre pa ka kite teritwa ayisyen an pou rejwenn koyekipye l yo nan rasanbleman an.

Toutfwa, enfòmasyon nou genyen disponib yo fè konnen jiskaprezan anpil demach ap fèt pou debloke sitiyasyon an. Rankont te deja fèt avèk Gouvènman ayisyen an pou fasilite jwè Violette lan genyen yon paspò diplomatik nan men l ak lide l ap kapab jwenn viza ameriken pou l rantre Etazini.

N ap raple, Federasyon ayisyèn foutbòl (FHF) gen jiska premye jen k ap vini la pou soumèt ofisyèlman lis jwè ki konvoke yo bay FIFA. Avan dat sa, responsab Ayisyen yo kapab toujou ranplase jwè Violette lan si toutfwa demach lan pa ta abouti.

Toutfwa, selon enfòmasyon ki disponib yo egalman, dirijan Ayisyen yo pa anvizaje opsyon ranplase Woodensky Pierre an e bay garanti y ap fè tout sa k depann de yo pou jwè an kapab kite peyi a pou rejwenn koyekipye l yo nan lakou Etazini kote pifò match Koup Dimond yo ap jwe.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou