AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Malgre doulè, Grenadye U20 yo kalifye pou dezyèm faz eliminatwa yo

imaj atik la

5 Mas 2026   Jacky Chery   765

Seleksyon nasyonal ayisyèn U20 an genyen nan gwo difikilte ekip Kiraso a nan dènye match gwoup C an. Grenadye yo fè viktwa sa 2-1 pou kapab valide biyè kalifikasyon pou dezyèm faz eliminatwa CONCACAF pou Mondyal U20 2027 lan.


Gras ak Miguel Joseph epi Kervens Romulus, seleksyon nasyonal ayisyèn U20 an fè yon remontada aprè Kiraso te mennen nan match lan depi premye mwatye dezyèm mitan an. Grenadye yo te pran yon gòl sou penalite.

Gras avèk viktwa sa ki rive nan dènye lè, Grenadye yo rejwenn 5 lòt peyi nan rejyon an ki kalifye pou dezyèm faz lan ki pral gen pou detèmine ki seleksyon k ap gen pou reprezante CONCACAF lan nan Mondyal U20 2027 lan ek Jwèt olenmpik 2028 yo.

Grenadye yo fini avèk bilan pafè 4 viktwa sou 4 match, ladan yo youn avèk fòfè. Ekip Valentín Triana ap dirije an pral kapab retounen Ayiti avèk santiman devwa akonpli, annatandan misyon an al kontinye mwa k ap vini an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou