CONCACAFChampionsCupGoldCupCaribbeanCupLòt
AKÈY CONCACAF Lòt

Lòt

Koup Karayib : Juventus des Cayes ap antre sou sèn entènasyonal la fas yon gwo moso

imaj atik la

20 dawout 2025   Steve Pierre   647

Pou premye fwa nan listwa li, ekip Juventus des Cayes la pral jwe sou sèn entènasyonal la, nan Koup Karayib la. Kayen yo ap demare batay la demen nan peyi Trinidad ak Tobago.


Klèb lan tonbe nan gwoup B ansanm ak ekip tankou Cibao FC (Repiblik Dominikèn), Cavalier FC (Jamayik), Weymouth Hales (Antigwa ak Babouda) epi Defense Force FC (Trinidad ak Tobago). Sa vle di Solo yo ap dwe livre gwo batay pou yo rive sòti nan gwoup sa.

Premye match yo ap jwe demen 21 dawout, kont ekip lokal la, Defense Force FC, a 8è nan aswè nan Hasely Crawford Stadium nan. Yon gwo randevou kote Solo yo ap gen pou fè fas ak yon advèsè ki gen gwo eksperyans nan konpetisyon entènasyonal yo.

Defense Force FC, ki kreye depi 1974, se youn nan pi gwo klèb nan Trinidad. Yo genyen yon palmarès ki byen chaje ak 24 chanpyona, 6 koup nasyonal, san bliye 2 Ligue des Champions CONCACAF (1978, 1985) ansanm ak yon CONCACAF Caribbean Club Championship yo te pran nan lane 2001. Sa montre kijan match sa a pa prale fasil pou chanpyon Ayiti yo.

Malgre tout sa, Juventus, ki pote tinon “Solo Juve”, ap antre nan konpetisyon an ak anpil konfyans epi detèminasyon, paske se yon gwo okazyon pou yo montre kapasite yo ak fè drapo Ayiti flote nan rejyon an pi wo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )