Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Konfederasyon ki ap jere foutbòl nan karayib la gen 2 lòt peyi aprè Ayiti ak Kiraso ki kapab kalifye pou Mondyal 2026 la. Sirinam ak Jamayik se 2 peyi karayib la ki kalifye pou baraj pou Mondyal 2026 la.
CONCACAF la gen posiblite pou gen 2 lòt ekip nan Mondyal 2026 la. Jamayik ak Sirinam ki yo menm te fini 2èm nan gwoup yo a jwenn biyè pou al tante yon dènye chans pou ta jwenn yon biyè pou Mondyal 2026 la.
Baraj sila a ki gen ladan l 6 peyi pral jwe an 2 tranch. Premye tranch lan ap mete Jamayik kont Nouvèl Kaledoni (yon peyi ki sòti sou kontinan Oseyani an), epi Sirinam ap gen pou kontre Bolivi (yon peyi sidamerik).
Si tout fwa Jamayik bat li pral kontre ak Repiblik Demokratik Kongo nan yon final pou detèmine peyi ki ap jwenn biyè kalifikasyon an. Yon lòt bòt ekip ki bat nan twoke kòn Bolivi-Sirinam lan pral kontre kare Irak nan yon final.
Match sa yo kapab yon posiblite pou CONCACAF gen plis ekip ki kalifye pou jwe Mondyal 2026 la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou