CONCACAFChampionsCupGoldCupCaribbeanCupLòt
AKÈY CONCACAF Lòt

Lòt

FIFA lage yon gwo sanksyon anndan chanpyona dominiken an

imaj atik la

22 novanm 2025   Steve Pierre   440

Yon desizyon grav tonbe nan foutbòl dominiken an. Komite Disiplinè FIFA a anonse yon gwo bout tonton sanksyon kont Club Atlético San Cristóbal, sa ki lakòz yon gwo tranbleman nan Lig Dominikèn Foutbòl la (LDF).


Daprè dokiman ki soti nan FIFA, ki te reyini jou ki te 17 ak 18 novanm 2025 lan, desizyon an pagen apèl. Club Atlético San Cristóbal deyò nan LDF pou sezon 2025-2026 la, ekip la ap desann al jwe nan LDF Expansión (2e divizyon) pou lòt sezon k ap vini an.

Rezon an : Klèb la koupab poutèt li vyole atik 20 Kòd Disiplinè FIFA a (CDF). Sa vle di, yo patisipe nan aktivite ki lye ak manipilasyon match ak konpetisyon foutbòl. Sa se yon gwo kou pou klèb la ki pral oblije reyòganize tout estrikti li pou l al jwe nan dezyèm divizyon an.

Sanksyon sa a montre klèman angajman FIFA pou l kenbe entegrite nan espò a. Pa gen plas pou pratik ki ka gate konpetisyon ak verite sou teren an.

Federasyon Foutbòl Repiblik Dominikèn (Fedofútbol) tou resevwa lòd nan men Komisyon Disiplinè a pou yo kontakte FIFA san pèdi tan. Mete sou pye yon plan edikatif pou prevansyon kont manipilasyon match ak konpetisyon nan tout peyi a. Sa a se yon apèl a tout nivo nan foutbòl dominiken an pou yo mete tèt yo ansanm epi pwoteje kredibilite espò a.

Kisa Sa Chanje Pou LDF la? Premye konsekans lan te deja rive: match ant Moca FC ak Club Atlético San Cristóbal, ki te dwe jwe samdi 22 novanm sa a, anile.

Konsèy Administrasyon LDF a konvoke pou lendi 24 novanm pou yo konprann tout sa desizyon FIFA a enplike epi pou yo adopte mezi ki nesesè pou rès sezon an.

Atlético San Cristóbal vin tounen yon egzanp sou konsekans grav ki genyen lè yo eseye twonpe sistèm nan. Tout kominote foutbòl la ap gade kòman Fedofútbol ak LDF ap jere kriz sa a pou garanti bon jan Fair-play.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou