CONCACAFChampionsCupGoldCupCaribbeanCupLòt
AKÈY CONCACAF Lòt

Lòt

Klasman CONCACAF : Violette AC kenbe tèt Karayib la, klèb ayisyen yo toujou nan batay la

imaj atik la Kredi Foto: @Violette AC

7 avril 2026   Steve Pierre   851

Nan dènye mizajou klasman CONCACAF la ki sòti ayè 6 avril 2026 la, yon konpetisyon sere ap dewoule nan tèt klasman zòn Karayib la. Malgre kriz ak difikilte foutbòl ayisyen an ap fè fas, plizyè klèb kontinye montre rezistans epi fè drapo a flote byen wo nan rejyon an.


Pou kounye a, se sitou klèb ayisyen ak jamayiken ki kenbe tèt klasman an nan nan Top 5 Karayib la. An tèt lis la, Violette AC kontinye enpoze li kòm referans rejyonal la, ak yon klasman 67èm nan nivo jeneral CONCACAF la. Dèyè li, Mount Pleasant FA (Jamayik) ap monte rapidman, pandan Cibao FC (Repiblik Dominikèn), Défense Force (Trinidad) ak Robinhood (Sirinam) konplete lis la.

Prezans ekip sa yo montre klèman kijan nivo foutbòl Karayib la ap vin pi konpetitif chak ane, ak plizyè peyi k ap mete estrikti solid pou devlopman klèb yo.

Daprè klasman an, plizyè klèb ayisyen kontinye rete nan mitan ekip ki gen plis enpak nan rejyon an. Men pozisyon yo nan nivo CONCACAF :

67èm : Violette AC – 1,083 pwen

111èm : Baltimore SC – 1,023 pwen

112èm : Real Hope FA – 1,021 pwen

118èm : AS Capoise – 1,017 pwen

123èm : Cavaly AS – 1,007 pwen

127èm : Tempête FC – 999 pwen

128èm : Racing des Gonaïves – 998 pwen

129èm : América des Cayes – 998 pwen

132èm : Don Bosco FC – 996 pwen

134èm : Cosmopolites SC – 990 pwen

136èm : Ouanaminthe FC – 987 pwen

138èm : FICA – 983 pwen

145èm : Juventus des Cayes – 974 pwen

147èm : Racing Club Haïtien – 971 pwen


Malgre yon reyalite difisil sou plan enfrastrikti ak òganizasyon epi kesyon ensekirite, prezans klèb ayisyen yo nan klasman sa a montre gen yon baz solid toujou. Fòk nou di tou, Violette AC rete pou kont li nan Top 100 CONCACAF la, sa ki mete aksan sou nesesite pou lòt ekip yo franchi yon nouvo etap.

Distans nan kantite pwen ant plizyè ekip ayisyen yo se yon siy ankourajman. Sa vle di, ak bon rezilta nan konpetisyon nasyonal ak entènasyonal, yo kapab monte rapidman nan klasman an.

Nan yon moman kote foutbòl ayisyen an ap chèche reprann fòs li, klasman sa a vini kòm yon rapèl: malgre tout difikilte yo, talan ak potansyèl la toujou prezan. Rès la depann kounye a de estrikti, vizyon ak estabilite pou pèmèt klèb yo retounen nan nivo yo te konn ye a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )