Seleksyon foutbòl Matinik la deside vire paj avèk antrenè fransè a, Marc Collat. Desizyon sa a vini aprè yon seri move rezilta nan dènye konpetisyon yo, ki fè dirijan Lig Foutbòl Matinik lanse yon apèl pou jwenn yon nouvo seleksyonè.
Nan dènye edisyon Lig Nasyon CONCACAF la, Matinik te nan Lig A, nan yon gwoup ki te gen 6 ekip. Yo fini 4èm nan gwoup yo, yon pozisyon ki te mete yo deyò pou kous Kadefinal yo.
Lè yo te rive nan faz baraj pou kalifikasyon Gold Cup 2025 lan, yo te jwenn Sirinam sou wout yo. Rezilta yo pa t bon ditou : yo pèdi de (2) match yo (1-0 lakay Sirinam, epi 0-1 lakay Matinik). Echèk sa a fè yo rate tikè pou patisipe nan dènye Gold Cup la.
Marc Collat, ki gen 75 an, te pran tèt seleksyon matinikè a depi 8 desanm 2021. Malgre eksperyans li, chèf yo te deside mete l deyò poutèt li manke bay bon jan rezilta.
Collat se yon non moun byen konnen nan rejyon an. Li te dirije seleksyon Ayiti de (2) fwa : premye fwa ant 2013 a 2015, epi yon lòt fwa ant 2017 ak 2019. Se li menm ki te nan Gold Cup 2019 la kote Ayiti te rive nan demifinal, yon moman istorik pou foutbòl ayisyen an.
Men finisman ane 2019 la te fini sou yon nòt negatif pou li : aprè yon degradasyon nan pèfòmans ekip nasyonal Ayiti a ak relagasyon nan Ligue B Lig Nasyon an, li te kite pòs li. Se la li te pran wout Matinik.
Aprè yo fin separe ak Collat, Lig Foutbòl Matinik la deja lanse yon apèl ofisyèl pou kandida ki enterese pran kontwòl seleksyon an. Objektif la klè : rebati yon ekip solid, rekipere konfyans sipòtè yo, epi retounen nan gwo sèn foutbòl zòn CONCACAF la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou