Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Federasyon Kostarika foutbòl lan revoke Miguel Herrera nan tèt seleksyon an aprè eliminasyon Ticos yo nan eliminatwa Mondyal 2026 lan. Yon desizyon ki vini imedyatman aprè dènye jounen an.
Aprè yon kanpay katastwofik nan dènye faz eliminatwa CONCACAF lan, antrenè meksiken an ki te pran tèt seleksyon kostarikèn lan an janvye lane sa, jwenn revokasyon l aprè li pa t rive kalifye Kostarika pou 26èm edisyon Koup Dimond lan.
Ticos yo ki te twouve yo nan gwoup C an avèk Ayiti, Nikaragwa epi Onndiras, pa t rive respekte estati favori yo te genyen an. Nan 6 match, Kostarika rive fè yon sèl viktwa, mete sou 4 match nil plis yon defèt 1-0 kont Grenadye yo nan anvan dènye jounen an.
Daprè enfòmasyon ki disponib yo, federasyon kostarikèn lan ta mande Miguel Herrera renonse ak yon pati nan kòb federasyon an ta dwe ba li pou revokasyon sa. Antrenè meksiken an te dirije Ticos yo nan dènye edisyon Gold Cup lan kote yo te rive nan kadefinal.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou