CONCACAFChampionsCupGoldCupCaribbeanCupLòt
AKÈY CONCACAF Lòt

Lòt

Rejyon Karayib la bay de (2) reprezantan nan Mondyal la

imaj atik la

19 novanm 2025   Steve Pierre   346

Karayib la ap fè wè tèt li nan gwo lakou foutbòl Mondyal la. Aprè Ayiti, se Kiraso ki make non l kòm dezyèm peyi nan Karayib la ki kalifye pou 23èm edisyon Koup Dimond FIFA 2026 la. Gran konpetisyon sa a ap dewoule Ozetazini, Kanada, ak Meksik, sòti 11 jen pou rive 19 jiyè 2026.


Sa se yon moman istorik pou pèp Kiraso a. Seleksyon nasyonal la ap prepare pou l patisipe pou premye fwa nan listwa li nan yon faz final Koup Dimond. Se yon gwo rekonpans pou travay ak envestisman yo fè nan foutbòl peyi a pandan dènye lane sa yo.

Poutan, pou Ayiti, se pa premye fwa. Gran seleksyon nasyonal nou an, ki te deja fè lonè Karayib la, ap prepare pou dezyèm patisipasyon li nan Koup Dimond. Sa montre fòs ak potansyèl foutbòl Ayisyen an, yon potansyèl ki toujou la, malgre tout defi yo.

Kantite peyi Karayib yo nan Mondyal la ka ogmante toujou. De (2) lòt gwo nasyon foutbòl nan zòn nan, Jamayik ak Sirinam, ap tann chans pa yo, paske yo deja kalifye pou faz baraj yo. Yon viktwa pou yo ta vle di plis drapo Karayib sou tè Amerik di Nò an 2026.

Sa se yon gwo nouvèl pou tout Karayib la. Prezans Grenadye yo ak Kiraso, ansanm ak potansyèlman Jamayik ak Sirinam, ap montre lemond Karayib la se yon tè kote ki gen gwo talan foutbòl.

Kesyon an rete: Kisa seleksyon Ayiti ak Kiraso ap ban nou nan gwo konpetisyon sa a? Èske Jamayik ak Sirinam ap jwenn tikè pa yo tou?

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou