CONCACAFChampionsCupGoldCupCaribbeanCupLòt
AKÈY CONCACAF Lòt

Lòt

Soti 1938 rive 2026 : evolisyon prezans Karayib la nan Koup Dimond FIFA

imaj atik la

12 janvye 2026   Steve Pierre   709

Ane 2026 se ane Mondyal. Pandan lemond antye ap gade Amerik Dinò a (Etazini, Kanada ak Meksik), Karayib la pare pou l viv youn nan pi bèl paj nan listwa espòtif li. Ant retou istorik ak espwa pou kalifikasyon nan baraj, foutbòl nan rejyon an pa t janm vivan konsa.


23èm edisyon Koup Dimond FIFA a make yon gwo chanjman. Pou premye fwa nan listwa, 48 seleksyon (kont 32 avan) pral goumen pou twofe siprèm nan. Avèk fòma elaji sa a, chans yo vin pi gwo pou “ti” nasyon yo, sa ki louvri pòt pou plis divèsite kiltirèl ak foutbolistik sou sèn Mondyal la.

Si foutbòl karayibeyen an sanble ap eksploze jodi a, li chita sou yon istwa rich. Kat (4) peyi deja reprezante rejyon an nan faz final Mondyal lan :

• Kiba (1938) : Premye peyi karayibeyen ki te patisipe, yo menm te rive nan kadefinal.

• Ayiti (1974) : Nan gwo listwa sa nan vil Minik, Grenadye yo te make lespri moun, sitou ak gòl lejandè Emmanuel Sanon kont Itali ak gwo gadyen sa, Dino Zoff pou te mete fen ak yon rekò match san pran gòl.

• Jamayik (1998) : Vag “Reggae Boyz” yo an Frans, yon patisipasyon ki te make tout yon jenerasyon.

• Trinidad ak Tobago (2006) : Yon pèfòmans tèt chaje an Almay, ak Dwight Yorke kòm lidè ekip la.

Aprè yon kanpay kalifikasyon nan Gwoup C a zòn CONCACAF la, mesye Sébastien Migné yo fini nan tèt gwoup la. Yo valide tikè yo 18 novanm pase a, aprè yon viktwa (2-0) kont Nikaragwa.

Aprè viktwa sa, Ayiti anrejistre dezyèm kalifikasyon istorik li (1974-2026), sa ki mete l nan ti sèk peyi karayibeyen ki kalifye plis pase yon fwa pou Mondyal.

Dèyè Ayiti, tout je kounye a fikse sou Jamayik. Dezyèm nan gwoup li a dèyè yon Kiraso ki kalifye pou premye fwa nan listwa li. Jamayiken yo poko di dènye mo li.

Reggae Boyz yo pral pase pa tounwa baraj FIFA a nan mwa mas k ap vini an. Anje a gwo anpil : si yo reyisi, Jamayik ta ka rive sou dezyèm patisipasyon li nan faz final Koup Dimond lan. Yo ta vin, ansanm ak Ayiti, de (2) peyi karayibeyen ki gen plis patisipasyon nan Mondyal.

Avèk kalifikasyon Ayiti ak Kiraso ki deja asire, epi Jamayik ki toujou gen chans atravè baraj yo, Karayib la ka voye yon delegasyon rekò nan Mondyal 2026 la. Plis pase yon senp espò, se idantite tout yon rejyon ki pare pou briye anba limyè lemond antye pandan ete k ap vini la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou