• Like us
  • Follow us
  • Follow us
BundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt Koze
AKÈY ALMAY Bundesliga

Bundesliga

Bundesliga : Leverkusen repran twòn li

sous: GolAyiti/imaj

25 novanm 2023   Steve Pierre   3305

Nan kad 12èm jounen Bundesliga k ap dewoule wikenn sa nan peyi Almay, ekip Bayer Leverkusen nan pase yon woulo konpresè sou Werder Brême e reprann tèt klasman an.



Ayè, Bayern Munich te pran tèt klasman chanpyona Almay la aprè viktwa enpòtan li te fè kont ekip Cologne FC. Pa menm 24è, Bayer Leverkusen repran premye plas la nan menm bavawa yo. Nan Wohninvest Weserstadion lan, ekip Xabi Alonso ap antrene a kraze Werder Brême (0-3).



Depi kòmansman sezon an Leverkusen pa sispann krache dife, keseswa nan chanpyona a, nan koup Almay la oubyen nan Europa Ligue la, poko gen menm yon ekip ki mete do koyekipye Grimaldo yo atè.



Pwochen sòti yo se jedi k ap vini la nan C3 a, y ap an deplasman pou al nan peyi Lasyèd kont ekip Häcken nan.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

Medam Real Madrid yo bay gwo sezisman
  • 17 okt 2024, 3:59 PM
  • 288

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou