ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ Championship

Championship

Nan jèn karyè kotch li, Wayne Rooney mennen 3 ekip desann nan twazyèm divizyon chanpyona anglè a

imaj atik la

5 me 2025   Steve Pierre   737

Wayne Rooney, ansyen gwo atakan Manchester United la, ap viv yon lòt moman difisil kòm antrenè. Aprè Derby County an 2022 epi Birmingham City an 2024, Plymouth Argyle tounen twazyèm ekip li mennen ki desann nan League One (twazyèm divizyon foutbòl an Angletè). Ann wè kijan sa te pase pou chak ekip.


Rooney te pran tèt Derby County depi mwa janvye 2021. Se te premye ekip li antrene. Nan sezon 2021–2022 a, Derby County t ap jwe nan Championship la (dezyèm divizyon). Men klèb la te pran mwens 21 pwen penalite poutèt gwo pwoblèm finans, yo te mete klèb la anba gwo sankyon paske yo te vyole règleman sou lajan. Malgre Rooney te fè gwo efò ak jèn jwè yo, Derby pa t ka sove. Yo te fini 23èm sou 24 ekip, epi yo te desann nan League One. Sa te premye relegasyon Rooney kòm antrenè.

Birmingham te pran Rooney kòm antrenè nan mwa oktòb 2023, pandan sezon an te deja kòmanse. Lè sa a, Birmingham te nan mitan klasman an. Men depi Rooney rive, tout bagay te kòmanse tonbe : li te fè sèlman 2 viktwa sou 15 match, epi fanatik yo te fache. Klèb la revoke li nan janvye 2024, men domaj la te deja fèt, kabrit te gentan manje jaden an. Ekip la pa t janm rive leve tèt li epi li te fini sezon an mal, sa ki fè yo desann nan League One an me 2024.

Aprè sa, Wayne Rooney te jwenn yon lòt chans. Nan mwa me 2024, Plymouth Argyle te nonmen li kòm antrenè apre sezon 2023–2024 la te fini. Tout moun te espere l t ap miyò. Men sezon 2024–2025 la pa t kòmanse byen. Ekip la te jwe mal anpil, yo pa t genyen ase match, li te tonbe sou zòn relagasyon an vit. Rooney pa t menm rive pase premye pati sezon an. Yo revoke li nan mwa desanm 2024. Men, menm aprè li ale, klèb la pa t ka chanje dinamik lan. Plymouth fini 23èm sou 24, yo desann tou.

Nan 3 dènye eksperyans li kòm antrenè, Wayne Rooney gen 3 ekip ki desann nan League One : Derby County : penalite mwens 21 pwen, desann an 2022. Birmingham City : move chwa, move rezilta, revoke anvan desann an 2024. Plymouth Argyle : revoke nan mitan sezon an, ekip la desann an 2025.

Malgre Rooney pa t toujou an plas lè relegasyon yo fin ofisyèl, li te toujou youn nan responsab prensipal echèk ekip sa yo. Se yon seri move moman ki poze kesyon sou kapasite li kòm antrenè. Èske l ap gen lòt opòtinite ankò? Se tan k ap di rès la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou