San Lionel Messi ki blese, Luis Suarez pran responsablite l pandan li make 2 fwa pou Inter Miami. Gras ak sa, ansyen jwè Liverpool la pèmèt ekip li jwenn kalifikasyon ayè mèkredi a pou demifinal Leagues Cup la kote yo bat klèb Meksiken Tigres 2-1.

Lionel Messi li menm gen yon blesi miskilè nan janm dwat li. Ajanten an pa t gen lòt chwa, li deklare fòfè pou kadefinal la.
Luis Suarez byen jere sitiyasyon an pou fè bliye absans sipèsta 38 lane an ak 2 gòl li make yo. Premye a se yon penalite 23èm minit e dezyèm lan te vini nan 89èm minit fas Tigres klèb André-Pierre Gignac la. Ansyen jwè Atlético Madrid la Angel Correa te egalize nan 67èm minit pou meksiken yo. Kote grenadye a Fafà Picault, li pase tout match la sou ban san li pa t gen chans jwe menm yon minit nan match la.
Inter Miami ap gen pou jwe Jedi pwochen nan demifinal kont Orlando ki genyen yon lòt klèb Meksiken Toluca nan seyans penalite (0-0, 6 penal kont 5).
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou