ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI Lòt

Lòt

Franck Kessié mennen Al Ahli nan final anfas Cristiano Ronaldo

imaj atik la

20 dawout 2025   Neuvième Junior   546

Al Ahli rive enpoze yo 5-1 nan yon rankont kote se sèl yo ki te mèt fas Al Qadisiya. Siksè sa vini nan kad dezyèm match demifinal Sipèkoup Arabi Sawoudit la. Rankont sa te tounen an favè chanpyon azyatik yo byen bonè gras ak Frank Kessié ki fè yon double.


Nacho te make 5èm gòl Al Ahli pandan li t ap eseye devye yon chout yo te fè 61èm minit. Lòt gòl yo, ansyen jwè FC Barcelone lan Franck Kessié make yon double kote nan 12èm minit li te egalize pou ekip li anvan li te jwenn wout kan ton dezyèm fwa sou yon sant Riyad Mahrez te fè 45+2e.

Poutan, Al Qadisiya te ouvè eskò nan kòmansman rankont lan gras ak Gaston Alvarez (8èm minit) sou yon kònè. Rankont lan te vin konplike pou fòmasyon sawoudyen an ki te oblije jwe ak 10 kont 11 aprè Christopher Bonsu Baah (42èm minit) te pran katon wouj pou yon semèl li te bay Ibanez.

Menm avan katon an, Al Ahli te gentan pran devan nan rankont gras ak Ivan Toney sou yon penalite (28èm) e penal sa te vini akoz balon an te jwe nan men yon jwè Al Qadisiya. Apèn rive nan ekip la, Enzo Millot 31èm enskri premye gòl li pou premye rankont li jwe ak ekip la.

Pwochen randevou a, se ap pou samdi nan yon final k ap mete Al-Nassr fas Al Ahli ki te merite viktwa sa yo fè jodi a. Riyad Mahrez ak koyekipye li yo se chanpyon C1 Azyatik la ki pral tante demare sezon sa ak yon twofe pandan CR7 ap gen pou eseye pran yon tit ak jòn e ble yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )