Nan match presezon, atakan entènasyonal ayisyèn lan, Roseline Eloissaint, patisipe nan bèl viktwa FC Nantes fè kont ekip Le Mans nan.
Anviwon 2 semèn anvan lansman sezon 2025-2026 Arkema Première Ligue lan, Roseline Eloissaint ap pozisyone l pou kapab jwenn yon pi bon plas nan efektif FC Nantes lan pou sezon sa.
Atakan entènasyonal ayisyèn lan bitè nan match sa Kanari yo genyen 3-0 kont ekip Le Mans lan. Yon viktwa ki konfime bon fòm FC Nantes pandan presezon an, ki deja sou twa match zanmitay.
N ap note, match sa fas ekip Le Mans an se te okazyon pou yon fas a fas ant 2 Grenadye. Nan ekip San ak Lò yo genyen Anyssa Ibrahim ki rejwenn ekip lan aprè pasaj li sezon pase an nan Club Albergaria.
Roseline Eloissaint ki bitè nan match sa pati pou jwe dezyèm sezon l nan elit foutbòl fransè an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou