AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Inter Miami ak Fafà Picault nan 11 lan frape LA Galaxy san pitye

imaj atik la

17 awout 2025   Neuvième Junior   148

Avèk Fafa Picault ki te titilè pou 24èm match Inter Miami an malgre 27 jounen deja jwe, klèb David Beckham lan ki t ap resevwa ekip LA Galaxy a mete yo nan vrè plas yo pou pran yon twa pwen ki enpòtan pou yo


Avèk Fafa Picault ki te titilè pou 24èm match Inter Miami an malgre 27 jounen deja jwe, klèb David Beckham lan ki t ap resevwa ekip LA Galaxy a mete yo nan vrè plas yo pou pran yon twa pwen ki enpòtan pou yo.

Aprè kòmansman rankont lan, klèb Inter Miami an ki te swaf fè viktwa nan chanpyona a, te konte sou Jordi Alba ki te resevwa yon pas nan men Sergio Busquets nan 43èm minit pou bay avantaj lan ak koyekipye li yo. Premye mitan rankont lan te fini (1-0). Dezyèm peryòd, LA Galaxy te jwenn egalizasyon nan 59èm minit pou mete eskò a (1-1). Nan 77èm minit, Fafa te kite plas li pou yon lòt koyekipye epi al asiste viktwa ekip li sou ban an. Lionel Messi 84èm double eskò a gras ak yon pas Rodrigo de Paul anvan Messi al transfòme tèt li an pasè pou Suárez ki fini ak espwa vizitè yo nan 89èm minit (3-1).

Ekip yo ki te kontinye pouse pandan minit adisyonèl yo, te oblije kite ak eskò sa ki pa t chanje. Messi ki retounen aproe yon blesi te antre nan 46èm minit e pote ekip la sou do l jan sa konn abitye fèt anpil fwa. 3 bitè Inter Miami yo, se twa jwè ki t ap evolye nan klèb espanyòl FC Barcelone ki mete ansanm pou tape LA Galaxy ak Marco Reus ayè nan lannuit.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )