Jodi madi a, Cristiano Ronaldo ki se lidè klèb Al-Nassr a, te mete ak koyekipye li yo pou ale defye klèb Karim Benzema nan estad Hong Kong Stadium. Rankont sa antre nan kad match demifinal Sipèkoup Arabisawoudit la.
Jodi madi a, Cristiano Ronaldo ki se lidè klèb Al-Nassr a, te mete ak koyekipye li yo pou ale defye klèb Karim Benzema nan estad Hong Kong Stadium. Rankont sa antre nan kad match demifinal Sipèkoup Arabisawoudit la.
Byen bonè nan fas a fas sa, Sadio Mané ki se elye klèb Al-Nassr a, te louvri eskò pou mete ekip la devan nan 10èm minit. Pou reponn ak sa, Bergwijn te pèmèt Al-Ittihad egalize nan 16èm minit (1-1). Malerezman, nan 25èm minit premye peryòd rankont lan, faz match la te chanje akoz yon katon wouj dirèk Sané te pran aprè yon fot li te fè. Poutan sa pa t chanje anyen jiska fen mitan an.
Dezyèm peryòd, klèb Kingsley Coman ki t ap jwe ak 10 kont 11 pa t rete tèt ba devan koyekipye KB9 yo. E pou montre sa, Cristiano Ronaldo te transfòme tèt li an pasè pou pèmèt João Félix ki se yon nouvo jwè make dezyèm gòl ekip la e premye gòl li sou koulè Al-Nassr. Gras ak sa, jòn e ble yo rive genyen Tig yo (2-1).
Nan rankont 2 jeyan nan foutbòl Arabi a, Kingsley Coman jwe premye match li ak klèb la pandan ansyen jwè Atletico Madrid la make premye gòl li. Pandan match sa, Coman te gen chans wè KB9 e N'Golo Kanté. Félix kwaze ak Danilo ansyen jwè PSG. Pou fini, Al-Nassr ki fè 75 minit ap jwe ak 10 kont 11 rive bat Al-Ittihad, èske sa vle di CR7 ak koyekipye li yo pral kreye sipriz sezon sa?
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou