Aprè 2 sezon nan peyi Lagrès, defansè entènasyonal ayisyèn Chelsea Surpris rejwenn Sportif Club Stand 1946 k ap evolye nan dezyèm divizyon Almay.
Sou Instagram, klèb lan ofisyalize transfè Grenadye an ki sòti dirèkteman nan ekip Appolon Ladies lan, premye divizyon Lagrès. Yon ranfò enpòtan pou SC Stand 1946 ki pral kapab goumen pou monte nan elit foutbòl alman an.
Nan yon long mesaj ki te pibliye sou Instagram kèk semèn anvan sa, Chelsea Surpris te anonse desizyon li pran pou kite Appolon Ladies. Desizyon sa vini aprè 2 bèl sezon nan D1 Lagrès lan. Defansè ayisyèn lan te fini nan ekip tip sezon ki sot pase an.
Yon nouvo eksperyans, nan yon nouvo peyi pou Chelsea Surpris ki sòti nan peyi Etazini pou al evolye sou kontinan ewopeyen an. Grenadye an ki fèt nan peyi Etazini, te kòmanse nan foutbòl inivèsitè a (NCAA) anvan l ta pral evolye pandan yon moman an Frans nan ekip tankou Soyaux ak Yzerre.
N ap raple, Chelsea Surpris souvan jwenn konvokasyon ekip nasyonal lan depi 2020 lè li kòmanse an. Avèk SC Stand, Grenadye an pral kapab pote eksperyans li epi aprann pou kapab pi byen sèvi seleksyon ayisyèn lan pou pwochen echeyans yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou