AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Klèb Juventus des Cayes la kite peyi a

imaj atik la

18 dawout 2025   Benswilkenson Jean   730

FC Juventus des Cayes pran direksyon peyi Trinidad pou al prepare Caribean Cup la.


Solo yo ki se ti non jwèt klèb Juventus des Cayes la ofisyèlman kite peyi a pou direksyon peyi Trinidad.

Aprè anviwon yon mwa ap fè preparatif yo nan vil Okap avèk bon èd ekip ASC a, ekip kayen an finalman kite peyi a jodi dimanch lan daprè enfòmasyon yo.

Nan peyi Trinadad, Solo yo ap gen pou toke kòn yo nan dat 21 dawout la kont ekip Defence Force FC a nan kad premye match yo nan konpetisyon Caribean Cup la.

Aprè sa yo ap gen pou travèse nan peyi Jamayik pou al jwe dezyèm match yo fas Cavalier FC nan dat 28 dawout k ap vini la.

An atandan yo jwe rès match yo, ekip FC Juventus la gen devwa fè valè l nan 2 premye match sa yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )